Istwa UEBH

Home | Historique | LIENS / LINKS | Nouvelles | PRAY | Photos | 77 ans | English | Partenaires

TOUT PREZIDAN KI PASE NAN UEBH: 1928-2003

UEBH Mission Evangélique

75salvant.jpg
Rev. Sem Salvant

1949 - 1951

Rev. Sem Salvant

Lè Pastè Pearce mouri se Pastè Sem Salvant ki vini premye prezidan lèv la ki vin rele MEBH (Mission Evangélique Baptiste dHaïti). Pastè Sem te moun nan Nò. Kontanporen li yo sonje kijan li te yon frè ki te san gwo lògèy epi ki te konn vizite ouvriye ki tap milite byen lwen yo. Pastè Edouard Charite sonje kijan an 2 fwa Pastè Sem te soti Obògn pou vizite li nan Trou Danfè (kote nou rele koulye a Mon Garizim). Se Pastè Sem Salvant ki te kòmanse konstriksyon tanp Legliz Obògn. Pastè Sem mouri Ozetazini.

75oriusp2.jpg
Dr Orius Paultre

1951 - 1969

Doktè Orius Paultre

te sèvi misyon MEBH kòm dezyèm prezidan li. Doktè se moun SenMak. Li te kab al etabli klinik li nan nenpòt ki gran vil. Men li te reponn apèl Bondye pou li sèvi popilasyon andeyò nan Nòdwès ansanm ak Miss Karo (Caroline Bradshaw), yon jèn misyonè selibatè UFM.

CMB se te projè Dr Orius. Jodi a se yon lopital 36 kabann ak 2 sal operasyon epi ki resevwa plis pase 19000 (diznèf mil) pasyan an 2002.

Madam Doktè te fonde Kolèj Beraka ki ap fòme plis pase 600 elèv nan primè ak segondè nan Lapwent.

Kolèj Maranata te louvri pòt li nan Pòtoprens nan dat 6 oktòb 1956. Se te Edner A. Jeanty ki te direktè li. Apresa Mèt Pierre Chapelet te dirije lekòl la pandan anpil ane. Jodi a kolèj saa genyen 800 elèv, 2 sal enfòmatik, yon lekòl primè, ak yon seksyon apremidi pou ede timoun nan vwazinaj la ale lekòl.

Dr Orius Paultre te pran retrèt li apre 37 ane sèvis memorab nan Lapwent. Kèk semèn apre li pran promosyon pou syèl la. Li antere SenMak nan mas 1990.

75revcnoel2.jpg
Rev. Claude Noël

1969 - 1972

Rev. Claude Noël

Li te youn nan pi jèn etidyan ki pase nan Ecole Evangélique de la Bible (EEB). Se li ki te fonde epi devlope Legliz Bòlòs ki gen yon tradisyon plizyè pastè kolabore ansanm. Sou administrasyon Pastè Claude,

misyon an vini avèk kesyon Konsèy Administrasyon pou enstitisyon yo;

yo nome Joseph E. Destin kòm Sekretè Egzekitif pou asiste prezidan misyon an nan vizite legliz yo.

Kou Pa Ekstansyon kòmanse an 1972 avek Pastè John Schmid. Jodi a pwogram fòmasyon lidè layik saa rele Kou Teolojik Desantralize. Yo fèk konplete revizyon kourikouloum lan ki genyen 24 liv pou yon bon antrènmnan lidè ki pou kolabore ak pastè nan yon legliz lokal.

Pastè Claude demisyone kòm prezidan an 1972 pou li kapab ale dirije CEEH (Concile des Eglises Evangéliques dHaïti) li te fonde an 1965 pou rasanble epi ankadre mouvman evanjelik la an Ayiti.